Mesaj Sekretè jeneral ObNH nan okazyon Jounen Telekominikasyon 2018

Mesaj Sekretè jeneral Obsèvatwa Nimerik ann Ayiti (ObNH) nan okazyon jounen entènasyonal telekominikasyon ak sosyete enfòmasyon

maxglyron-obnh-telecom-day
M. Max Guybert LYRON, Secrétaire général de l'Observatoire du Numérique en Haïti

Mesaj Sekretè jeneral Obsèvatwa Nimerik ann Ayiti (ObNH) nan okazyon jounen entènasyonal telekominikasyon ak sosyete enfòmasyon

Depi lane 1969, Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (ITU) ansanm ak tout aktè kesyon sa a konsène, selebre chak 17 me, jounen mondyal telekominikasyon ak sosyete enfòmasyon, yon jounen ki gen objektif kontribye nan sanbilize [opinyon yo] sou divès posiblite itilizasyon entènèt ak lòt teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon ofri nan domèn ekonomik ak sosyal, akote lòt mwayen ki pèmèt diminye tout separasyon ki genyen nan nimerik la.

Ane sa a, tèm jounen an se « Bon jan itilizasyon entèlijans atifisyèl la pou tout moun » ; yon tèm ki vle revele potansyèl entèlijans atifisyèl la nan kad objektif devlopman dirab Oganizasyon Nasyonzini tabli pou lane 2030.

Obsèvatwa Nimerik ann Ayiti (ObNH) pwofite fè remake refleksyon stratejik k ap fèt chak jou nan okazyon jounen sa a montre aklè mond lan p ap fè bak ; si n gade byen, n ap wè li prale nan direksyon devlopman rapid ak entegrasyon nimerik.

Nan lane 2017, refleksyon an te chita sou wòl megadone yo nan ekosistèm kominikasyon dijital la. Ane sa a, li entegre konsèp entèlijans atifisyèl, ki se materyalizasyon devlopman ekstrawòdinè k ap fèt chak jou pi plis nan kesyon otomatizasyon.

Pandan mond lan ap devlope ak nouvo chema striktirèl nan pwosesis politik, ekonomik ak sosyal yo, granmesi dijitalizasyon enfòmasyon an, Obsèvatwa a ap konstate ak anpil lapenn sitiyasyon peyi d Ayiti ki toujou poko kapab pwouve li konprann nesesite pou tout aktè montre plis matirite nan chwa yo.

Li difisil pou n ta fè bonjan refleksyon ki kadre ak tèm jounen an, paske sitiyasyon an grav anpil, tèlman grav nou poko kapab apwopriye nou de konsèp yo. Lakoz Leta toujou poko kapab dirije refleksyon ki pou rive bay yon Politik Nimerik Nasyonal ak patisipasyon tout sektè, nou oblije, chak jou ki pase, konstate defisi ak distans ki genyen nan mitan tout kouch yo, e k ap vin pi difisil pou korije osnon diminiye.

Dènye ane sa yo, gwo pwogrè ki fèt nan domèn teknoloji, espesyalman entèlijans atifisyèl la, kòmanse chanje nèt fason lèzòm fonksyone nan tout nivo : tretman enfòmasyon, aprantisaj otomatik, aparèy konekte, medsin, kominikasyon, pou n site sa yo sèlman.

Toutfwa, malgre tout difikilte nou toujou ap rankontre ann Ayiti, soti nan move kalite sèvis telekominikasyon pou rive nan feblès osnon absans edikasyon nimerik ki kòmanse bay konsekans krèvkè nan lekòl, inivèsite, sou rezo sosyal elatriye, Obsèvatwa a vle pwofite okazyon jounen spesyal sa a pou salye gwo jefò ki fèt nan kèk medya, kèk lekòl, nan sosyete sivil la ak kèk patnè entènasyonal ki prezan sou tèritwa a… pou pèmèt plis moun konprann reyalite, opòtinite ak danje devlopman teknoloji kominikasyon yo charye.

Annatandan nou rive byen pwofite dènye avansman nimerik la, tankou wobo, vil entèlijan, sistèm ak machin otomatik, megadone, lajan elektwonik, ki se kèk nan aplikasyon entèlijans atifisyèl la, li enpòtan pou desidè yo manifeste yon volonte reyèl, nan pawòl, nan aksyon ak nan politik piblik pou [nou] byen entegre tout moun nan devlopman nimerik la.

Max Guybert Lyron
Secrétaire général

ViaMax Guybert Lyron
A travers un rôle de médiation et d’animation, l’Observatoire du Numérique en Haïti se donne pour mission d’accompagner les différents acteurs afin de préparer la société aux révolutions numériques en étant une plateforme-ressource de soutien aux écosystèmes locaux et d’appui aux processus d’aide à la décision.
PARTAGER

1 COMMENTAIRE

  1. bonjou
    mwen felisite nou pou travay nap fe nan domen nimerik la menm si mestime nou
    poko rive sou piblik la men mpanse li tap enpotan anpil pou ta reflechi sou problematik
    “paiement en ligne” paske se kastet tou jen devlopeur specialman mwen menm.

Comments are closed.